top of page
Rechercher

"Pòtpe kreve san senyen" |Kla20s ZIDOR

  • kla20s ZIDOR
  • 18 nov. 2016
  • 1 min de lecture

Pòtpe m pa ka gade w nan je Pou kòd trip mwen Pa pann kè m Pòtpe m pa ka gade w nan je Pou saliv mwen Pa fè mousa Pòtpe m pa ka gade w nan je Pou dlo je m' Pa inonde w Menn sim pa ka gade w nan je Kite m bobo w Nan pye Kite m bat tanbou Nan tete w Yon vye grèp Rive sou do pye Kap pise yon kafe anfè Yon tete jwèt Tete zam dlo Tete ki fatige kanpe Ki fon chita Pòtpe kite m lonje kote w Pou n ka mouri Petèt menm mò Yon mò sibit Antere vèbal Yon mò timid Yon mò an kachèt Pòtpe gwo Rolan Pòtpe Anefiz Pòtpe Kari Pòtpe Loran Pòtpe Jedeyon Pòtpe Woz Mari Pòtpe Pawa Pòtpe sa m wè la Pa fouti pa fou Pòtpe kapwa Pòtpe Lanmò Istwa w pèdi memwa Sann dife w Bay chen kè boule Gen plis pòv devan katedral Pase moun ki nan "Te Deum" Imakile ouvri pye l Youn kafou jòf Youn Twa rivyè pa gen repo Pou fant janm lavyèj Timoun pandye Nan fil kouran Sourit ap fè lago Nan branch tiyo San kè sote San kè kase Pòtpe swaf Souf li ap koupe Souf li kout Vil kanneya Vil boutou Vil piskèt nan ti mamit Pòtpe gen sant Mache bodmè Sim pa ka gade w nan je Se pa paske m wont gade w Pòtpe cheri ou banm kè plen Kite m vomi lanmou sou ou #Zanmimo Clarvens ZIDOR, Ing-Agr Journaliste


 
 
 

Comments


L'AUTEUR
LIENS UTILES
Par tags
Nous suivre
  • Facebook Basic Black
  • Twitter Basic Black
  • Google+ Basic Black
INFORMATIONS

James-Kenley Jean-Baptiste, Ecrivain, Jeune Conférencier

TEL:32987272

Courriel: roikenley@gmail.com

DOMINUS VOBISCUM
Nous suivre
  • Facebook Basic Black
  • Twitter Basic Black
  • Google+ Basic Black
bottom of page